Banm top5 sit ayisyen ou vizite souvan ou byen ke ou prefere? — Asked by Anonymous

se pa yon klasman:

1- kreyolicious.com 

2- sawpanse.com

3. KM

4. HB

5. Lenouvelliste.com

Sakapfet Carel. I'm organizing my itunes library with genre, album names and etc. I reached to Emeline Michel and I'm totally out of the blue on which genre should I list her as. What do you have Emeline Michel listed on your library? — Asked by Anonymous

You can put World Music or Easy Listening

konbyen kob mwen ka jwenn yon SG IV ht Onorabe la? — Asked by mrdadmix
Is the anyone in the HMI and celebrities from Nord-quest haiti — Asked by Anonymous

We Have —> Choubou (Tabou Combo), Cubano (Skah-Shah), Nickenson Prud’homme (Harmonik), Flav (Gabel) & More

kies kap jere Lokal pou ou? i'm a software engineer looking into developing apps for the haitian market, and also maybe maintaining already created ones. any app ideas? any advice? — Asked by Anonymous

I am doing that. I have a lot of app ideas. hit me up me@carelpedre.com 

Carel Pedre, an te ke animatè ki popilè nan kominote ayisyen yo, ou tjr di saw panse, ou tjr eseye krite sak pa bon & felisite sak bon. Kisaw panse de festival (Haitian Compas Festival)?[ki se 1 nan pi gwo evènman ki fèt nan FL ki mete plis moun deyò& kote plis ayisyen reyini USA] , Eskeu pa trouve ni bò kote òganizatè & band fè tèt yo parèt [padon pou mo yo] <Trè kokorat, mal eklere> pou sa yo prezante kòm festival la.. — Asked by Anonymous

M pap ale nan nivo ou di a. men toujou panse ke pa gen anyen ki perfect. Festival la mande anpil amelyorasyon ke sou kote moun kap òganize yo (line up la, kote yo fè’l la, event la an li menm) ke sou djaz yo (prestasyon yo, jan yo ap paret sou publik la, etc…). M panse ke festival la tou pèdu sans fèt drapo a tou depi 2 denye ane sa yo. Fok gen yon ti chita pale ki pou fèt. Men anpil moun bliye piblik la tou lè yo ap fè komantè sa yo. Si publik la pa deplase, òganizatè yo pap fe kòb, ki donk y’ap toujou oblije fè yon ti festival chaje ak gwoup pou atire piblike la. Mwen sonje ke Mesye yo te eseye monte budjè a, fè 2 stage, chanje espas la, lè sa a festival la te anfom, men malerezman yo pat ka kontinye paske yo pat fe kòb. Epi te vinn gen yon tenten konpetisyon an fas nèg yo tou. Bref pou’m di’w sosyete nou an konplike anpil sitou si wap pale de koze mizik. Ou pa konn sa moun yo renmen, kisa ki ka fè yo soti. 

Pa gen sponsor, yon festival konsa apre 15 lane ta supoze fèt menm jan ak Calle 8 (gratis) nan Little Haiti, Lari Bloke, mizik, manje, banbòch tankou kanaval lakay nou. men pa gen mwayen, Nou pa Kiben. Apre 15 lane fòk gwo konpayi ameriken ta ede li fet tou. men sanble kominote nou an menm si li anpil, li pa strong ase pou mobilize resous sa yo. 

choose 5 Haitians companies that you think are changing Haiti for the better, and keep fanatism out of it. c'est-a-dire, we all know you have close ties with Digicel and Toro. Don't pick them because of that, pick them because you truly believe it. Give us an objective opinion — Asked by Anonymous

Lol. BTW Toro is not a company it’s an Energy Drink from BRANA. I would never pick a company because I work with them. Let me get back to you on that question next week cause right now i only have 2 in mind. 

Eske ou wé we love you Anne LAN 2ja, si wi eske libel? — Asked by thacaigo1

Non M poko wè li non. 

Bonswa Carel, mwen gon iphone 4s m resevwa, m pa ka voye sms. Mwen pa ka wè kote centre de message la ye. Please, ede m'. Mèsi davans — Asked by Anonymous

Ikòn mesaj yo sanble ak sa a. 

Eske ou renmen slogan RESAN an? — Asked by Anonymous

Lol. 

Sak pase Carel? Si yo ta diw pou bay 5 konpayi ou panse ki a yon moman ou a yon lot nan istwa te revolusyone yon domèn kelkonk nan teknoloji. Ki 5 konpayi ki tap pase nan tèt ou? — Asked by Anonymous

Apple, Microsoft, Google, Twitter, Facebook. 

Koman ou ye onorab, eske ou ka dim kombien caisse barbancourt a vann nan airport la svp? — Asked by Anonymous

sa depan de ki kalite Barbancourt ou bezwen. 

Komanw ye Carel? Mswete ke tout bagay anfòm. Eskew te suiv prezantasyon XBOX ONE microsoft la? si wi, kisaw panse? — Asked by Anonymous

M pat swiv li non. m te nan airport pou’m te vinn ayiti. M’ap li kek article sou li la a. M panse ke Microsoft fe yon gwo pa pasek Sony pat menm ka montre mounsa ps4 la tap sanble. lol. M pa fanatik Xbox so m poze la a

Hi carel how you doing I see you don't talk about Sunday project you give up your big fan fanmkreyol24 — Asked by Anonymous

We will resume our activities soon. I’ll keep you posted.

FIFA 13 | Best Goals of the Week | Round 27 (by EAsportsfootball)