Bonjour Mr Carel, Mwen wè'w ou pa janm di on mo sou dossier sa: Men anpil moun ta renmen konnen kisa ou panse sou dossier Mr karl Jean Jeune nan? Ou toujou ap di se bon Zanmi'w... Mwen wè ou se on moun ki gen opinion sou anpil dossier epi pa janm pè di saw panse. Alors poukisa ou fè ekseption an fwa sa? — Asked by Anonymous

Kisa ki dosye a? Yon neg ki komèt yon vòl usa an 2007, li plede koupab pou sa epi li kite vinn viv nan peyi li, li pat janm nan kache, li sou twitter, facebook, ap checkin sou foursquare tout kote, epi la pres mete dosye li deyò? Well opinion mwen senp wi. M pa ankouraje enpinite, Misye dwe peye de zak li fè. Epi kòm li se zanmi mwen, mwen supòte li nan moman difisil sa a e m kanpe an fas tout moun ki konprann yo gen moralite pase tout moun e kap itilize ka misye a pou pran fame ou byen regle koze yo ak ekip misye tap travay la. M ankouraje li e m’ap ede li pran tout dispozisyon pou li regle koze li ak moun/otorite ke sa regade. Misye pran reskonsabilite pou sa li fè e m’ap repete pou ou ankò li pat nan kache e li pap al nan kache. Men kwè’m moun ki entelijan konprann sa kap pase a. N’ap kite’l mache. 

7 notes

Show

  1. raoul509 said: Great answer!
  2. carel posted this

Blog comments powered by Disqus